mardi 22 janvier 2013

Liberté d’expression/Elysée Sanon: Propositions d’un jeune haitien responsable à tous ses compatriotes!

Mwen salye tout ayisyen frem yo kap li mesaj sa
 mwen se Sanon Elysee, map viv an haiti, e mwen renmen peyim em mwen vle pataje kek nan rev mwen pou peyim vanse e si mesaj sa te ka rive nan zorey ou byen dirijan nou yo ta li mesaj sa mwen tap santim byen anpil

rev mwen pou peyi a:

1- mwen ta renmen gouvènman mache ranmase jenn gason ki pap fe anyen yo, ki plen ak metye men ki pa ka jwenn anyen pou yo fe, ki oblije lage ko yo nan mouvman yo rele rap la, ki oblije lage nan fimen boz, ki oblije pran lè zam pou yap pran sa ki pa pou yo, ranmase mesye dam sa yo, antre nan baz yo pran yo, moute nan mon ak yo ale nan vale yo ak yo, nan plenn yo, ba yo zouti, pran yo pa eskwad de 50 a 70, mete nan tet yo 2 a 4 agwonom moutre yo plante, sekle, pran yon lot gwoup pa eskwad anko mete nan tet yo 4 a 5 enjenyè, 9 a 10 bos mason pou nou kontwi sa yo ki te kraze, pran yon lot eskwad mete yo nan lari a pou yo ranmase fatra netwaye lari a, lave la ri, 

2- ann al nan lekol yo kounya:

elev yo tou ka monte nan mon, elev yo tou pa bezwen  se lè yo tèmine etid yo pou yal aprann yon bagay, depi nan klas yo ye a gen yon paket bagay yo ka aprann, leta mete yon bagay pou tout elev aprann, sa kap pran mekanik, kouti, patisri, mizik, chak samdi chak dimanch, machin nan pase pran tout elev ou byen chak vandredi a 3 zè pran elev yo ak tout inifom sou yo, ba yo manje,  epi ba yo edikasyon

3- pran yon jou nan chak mwa pou nou fe yon jèn nasyonal, lage pyi a nan men bondye, paske sa fe lontan se lespri fè nwa kap dirije, fe san pa janm sispann koule, nan peyim  ann fe yon lot eksperyans ann lage peyi a kounya nan men bondye konsa na rale yon lot souf

4- ann fe yon koalisyon ak lemond, nap mande ed pou nou devlope pyin, e le kob la vini ann moutre lemonn ke nou se yon pep serye sa nou  di nap fe ak sa nou mande yo a se li nou fe

5- elektrifye tout peyi a, paske fe nwa anjandre ensekirite, si tou nan zon plenn yo kote ensekirite ap vale teren

6- rele nan ko prezidan vil yo, pou yo pote yon chanjman tout ti rout nan peyim dwe fet  konsa nap komanse santi devlopman nan peyi.

frem yo ann travay ansanm konsa nap respire yon lot ode nan peyi nou, se pa lot nasyon ka vin fel  pou nou men se nou ki pou mete tet nou ansanm pou nou chanje sa, tanpri ann sispann nan chire pit, ann sispann voye toya youn sou lot, si nou renmen peyin se tout moun mete men nan pat la konsa nou tout va gen menm vizyon e lot yo kap vinn deye yo pa pase tout mize nap pase la, tan pri ayisyen frem yo, tanpri dirijan yo, tanpri vodouyizan yo, tanpri protestan yo, tanpri etidyan yo, tanpri klas elit la,  tanpri sekte prive a, ann refè sa zansèt nou yo te fè a linyon nwa yo ak milat yo pou nou te ka gen lendepandans, ann refe sa anko paske peyin an danje sosyal, si nou tandem nou fe sa mwen seten ke nap gen viktwa sou lavi chè, la mizè, la malpropte, l’ensekirite, la vyolans, epi youn respekte lot si nou vle peyin vanse .
mesi


Elysee Sanon  kennystars007@yahoo.fr



Written by:
Written on:mars 26, 2012 
 
 Crédit: CANAL+HAÏTI
Tous droits réservés Copyright@2013

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire